12 Konsèy pou dekouvri yon moun ipokrit

Lè yon moun nayif oubyen konfye twop nan yon zanmi,sa ka vin rive yon jou li santi trayizon bon zanmi sa
Moun ipokrit la gen karakteristik li,kise:

Entere pesonel
Gen moun ki toujou bezwen pou yo fè lwanj pou yo tankou:ou bèl,rad ou fèw byen,ou jantiy,li bon pouw felisite yon moun men gen moun ki ekzajere nan sans sa,depi pa felisite l yon jou,li gentan mete kò l mal se kom siw pa zanmil,pafwa moun sa yo pa viv natirèl,yo viv nan lwanj pou yo ka santi vi reyèl la.

Souri a mwatye
Gade byen nan figi lè wap pale ak li,yon moun ki onèt souri natirèl nenpòt pwoblèm li ta genyen,yon moun ki gen santiman ipokrit pa janm fin souri paske gen bagay andan ki anpeche l ri ak tout li menm,yon moun ipokrit pa janm montre w move bò,sèl bon jan li genyen,menm si yo bagay pase poul ta fache sa pa rive,tout bagay toujou byen,men se lew pala pou w tande sa kap di sou ou.

 

Yon moun kap pale sou lot
Yon moun kap bay blag sou vi yon lòt oubyen bay mati tou ,menm si moun nan se zanmil lap kritike ,sa se yon moun pouw fè anpil atansyon ak li,tout sa lap rakonte w sou lòt la,sa pa enposib poul pa al di sou ou tou,si lap fè sa ak zanmil se pa ak ou poul pata fèl.Li diw sekre lòt moun ou pat dwe konnen.

 

Li pa gade w nan je ak konfyans
Li bezwen konn tout sa kap pase nan viw,men li menm pa janm gen anyen nouvo pou li,se toujou mnem bagay yo

Li relew lèl bezwen
Gen moun ki nan vi yon lòt se pou relasyon,paskew ka fèl jwenn travay,ou gen machin poul al nan pwogram,konsa tou pou vi ekonomik ou,pafwa moun nan mandew pou w fè l konfyans men ou pa santi w ka fè l konfyans.

Trayison
Moun sa yo fasil pou trayi zanmi yo pou nenpòt ti bagay la,yo gen yon moun pou yo rakonte e menm rive bay manti,siw entelijan ke li,lap fè tout bagay poul ka rive gen konesans ou,men li pa panse ke chak moun gen nouvo konesans yo.Li ekzèse pouvwa l sou moun poul ka jwenn sal vle a.

 

Sevis
Pi souvan zanmi sa yo mande w sevis ki pap few byen,menm sil konnen sa pap bon pou ou,men li toujou ap mèt presyon sou ou sanw pa rann kont pouw fèl pou li.

Envitasyon
Si yo gen yon bagay enpòtan yo pa janm envite w ladan fasil,pafwa ou ka tande moun kap di,zanmiw la pat pale byen de ou menm