Ou renmen yon moun ki marye deja?

Ou janm poze tèt ou kezyon poukisa ou vle fè dezyèm fi oubyen gason?
Poukisa nou toujou vle gache vi nou tankou fi oubyen gason nan pase pou moun sou kote,san ke nou pa chwazi yon moun nou renmen poun ka lib,konsa mou pa tap nan kache.

Nan ki nivo,ou renmen tèt ou?
Rezon pouw pa jwe wòl dezyèm moun

1.Ou pap janm gen konpayon nan yon moman espesyal(Anivèsè,Fèt Nwèl,wikenn elatriye,nou pa bezwen diw pouw al nan restoran piblik.
3.Ou pa bezwen panse lap kap pase tan ak ou jou dimanch paske se jou fanmi sa ye,moun nan gen pitit
4.Ou merite pou yon madanm,mari,ou pa merite pou w yon moun sou kote,renmen yon moun sanw pa nan kache

amante3

5.Lèw rele nan telefòn ou gen chans pou yo fèmen l sou ou paske se an kachèt nap pale,nwit lan se pou lòt moun nan li pa pou ou,plan yo se pou yo de a se pa pou ou.
6.Si moun nan marye,li paka lòt bout zoranj ou an,se pou moun li marye a li ye
7.Li pa bon pouw yon moun sou kote,ou pap bay tèt ou respè pouw ka gen yon moun pou kont ou
8.Siw malad oubyen bezwen yon bagay ou paka rele nenpòt lè,madanm li la,ou menm se moun sou kote a,ou jis ap rèt tann poul gentan lib pou ou.

 

Si wap sòti ak yon moun marye,li paka ale nan piblik ak ou,li tap bon pouw chache moun paw la paske ou jis se dezyèm moun li an,chache yon moun ki pou fèw premye pa janm al desann tèt ou pou dezyèm.
Valorize tèt nou sitou ou menm fi,kite moun nan menm sil pwomèt ou lap divòse,se pa vre,li pap janm fè sa,sèlman ou se amizman l,sin chita poun reflechi ak bagay sa nap wè li pa bon pouw al renmen ak moun ki marye,li pa bon pouw ap detwi yon relasyon pa mande si gen timoun ki jwe yon wòl enpòtan,sa pa bon pou ou ni pou lòt moun nan
Gen anpil bon moun ki vle pote lajwa nan kèw pa antre tèt ou nan sa kap detwi w,ou pap kap konstwi yon kote ki detwi.