Konsèy pou yon vi aktif

Li enpòtan pou nou anseye jèn moun yo,pou yo pran desizyon kap pèmèt yo gen yon vi pi aktif,egzanp´sil pral yon kote ki 20 minit ak lakay li konseye l mache pito oubyen ale nan bisiklèt.

Toujou sonje fanmi se gwoup ki pi enpòtan nan zafè edikasyon.Pratik aktivite fisik ak fanmi,zanmi,patnè gen anpil benefis nan amelyorasyon sante,prevansyon maladi,eksitasyon nan kwasans ak devlopman,ak favorize yon lavi fizik ak sosyalman an sante.

Kouman mwen ka fè aktivite fizik?
Kèk lide pouw ka enkòpore aktivite fizik nan lavi w chak jou:

Pwofite pouw mache chak jou depiw pa prese ou pa bezwen pran machin
Siw pran kamyonè t,mache 2 estasyon pouw pranl

Valorize tan pouw monte bisiklèt la
Pran yon titan pou w pratike yon bagay ou renmen tankou:espo,dans,kouri,foutbòl,tenis,baskèt
Ou pap pran tan pouw santi jan viw te genye lontan ak nouvo pa sanble,wap santiw pi aktif,wap plis vle sòti ke rèt chita dòmi.

 

Ki kantite aktivite fizik ki nesesè?
Siw se yon moun ki gran,30 minit chak jou sifi,men si se yon jèn moun li ka fè sa plis ke 30 minit nan chak jou epi 2,3 fwa nan semèn nan sa pral depan disponibilite chak moun,nou konnen gen moun ki pase preske yon jounen nan fè egzèsis.

Eske tout moun ka fè egzèsis?
Wi tout moun ka fè egzèsis,men siw malad konsilte doktè w poul ka diw ki kalite egzèsis pouw fè
Gen kèk mit sou aktivite fizik

“Aktivite fizik twò chè”
Aktivite fizik pa mande okenn ekipman epi yo ka fèt nenpòt kote.Egzanp:monte eskalye,mache,danse,elatriye.Aktivite fizik amelyore vi tout moun ki gen tout laj,li itil pou amelyore sante mantal,li ogmante konfyans nan tèt yon moun epi favorize relasyon sosyal.