Benefis bikabonak

Engredyan sa pa chè epi li fè plizyè bagay se pa anyen ke bikabonak,ou ka edew wè tèt ou pi byen depi nan tèt jiska nan pye siw chwazi sèvi ak li.

kisa li fè menm?
Dezentoksike
Lè wap benyen mete 1/2 tas bikabonat nan dlo a,sa ap netralize asid po a,soulaje doulè,demanjezon,toksin.Mete 1/2 tas vinèg pou po a ka pi swa.

Di orevwa ak asid nan lestomak
Mete yon ti kal bikabonat nan yon vè dlo natirèl epi bwèl
Retire zenglen asyèt oubyen vè ki antre nan menmw
Nan yon vè dlo mete yon kiyè bikabonak,bwazel apre metel kote ou gen bagay la nan men an,fè sa 2 fwa nan jounen an

Men swa
Melanje 3/4 bikabonak nan 1/4 dlo,mete pat la nan menw apre rensel
Retire tach grès ak lwil
Mete bikabonat kote ki gen bagay sa yo apre foubil ak yon bwòs

 

 

Blanchi dan
mete yon gout sitwon nan yon tas dlo ki gen bikabonak epi bwose avèl,siw bezwen plis rezilta kite pat bikabonak la sou dan pandan 2 minit.

Desenfekte epi blanchi plizyè zòn
depi nan douch,twil,ak kizin,pran yon eponj mouye mete bikabonak ladan epi fwote kote ou bezwen parèt la byen,apre kitel fè yon ti tan rensel

Netwaye atè
Retire salte sanw pa kite mank ak 1/2 tas bikabonat nan dlo tyèd nan yon kivèt,lave atè avèl

Retire odè nan soulye
Mete 2 oubyen 3 kiyè bikabonak nan soulye ak tenis pandan ou pap itilize yo,retirel lèw pral mete soulye yo

 

 

èksfolyan pou visaj ak po
wap bezwen melanje 3/4 bikabonat nan 1/4 dlo,fwotel tou dousman nan visaj ak po a yon fòm sikilè epi apre rense

Deyodoran natirèl
Yon gout dlo ak yon ti kras bikabonak aplikel anba bwa w

Ou panse e sèl pou pwa yo te itilize bikabonak ebyen gen plis bagay yo fè avèl.