Seleri se yon eleman ideyal pou netwaye ren

Seleri se yon vejetal ki rich anpil nan dlo,vitamin,mineral,ak anzim ki bon pou ren,epi li gen yon sibstans ladan ki fè ko a jete anpil dlo,sodyòm nan òganis lan yo pase nan pipi,se yon bagay esansyèl ki pou elimine bagay ki kache nan ren an ki ka fèn malad.

 

Benefis li yo anpil nou pral diw poukisa ou dwe metel nan manje chak jou se pa sèl nan soup
Gen anpil moun kap chache vitamin nan famasi pou ka kouvwi vitamin yo manke a ke anpil fwa yo vin yon maladi tankou fatig,malèz,kò a kenbe likid,ak yon sistèm iminite fèb.Bagay sa yo ka resoud si chak jou nou manje plis fri ak vejetal ki fre.Seleri ka mineralize kò a,dezentoksike,ak pirifye san an.

 

Seleri a fèt ak dlo men tèlman nivo mitamin ak mineral li wo,sa vin konvètil tankou yon plant medikal,goul ak pwopriyete li yo ede ren ak fwa fonksyone byen.

10-beauty-foods-for-glowing-skin-celery

Li konpoze ak:Vitamin B1, B2, B6 ak B 9
karotèn,provitamin A ak vitamin E
Vitamin C
Kalsyòm
Zenk
Potasyòm
Manyezyòm

òganis lan bezwen yon ekilib nan sodyòm ak potasyòm,atansyon poun pa manje twòp sèl pa bliye sèl gen 40% sodyòm
lòt enpòtans li gen ankò seke li rich nan fib se yon bagay esansyèl ki ka evite konstipasyon,li redwi koletewòl epi li kontwole sik,seleri ede konbat kont enfeksyon nan pipi.

Pou ren yo fonksyone byen wap bezwen kontwole kolestewòl ak tansyon
Kijan poun prepare ji?
Engredyan:
1 pye seleri
1 pòm vèt
1 ti kiyè pèsi (5 g)
1 ti kiyè fèy mant (5 g)
1 tas dlo (200 ml)

Preparasyon:

Avocado Kale Superfood Smoothie | www.kitchenconfidante.com

Lave engredyan yo byen lave,siw vle ou ka kale pòm nan,koupe yo byen fen apre blende yo,lap ede anpil siw bwò 3 fwa nan semèn nan,epi wap wè rezilta nou konnen si ren an gen yon pwoblèm nap wè sa nan pye yo paske yap anfle.