Remèd natirèl pou retire pou

Gen anpil remèd natirèl ki egziste pou konbat li,pou nou pa rete ap mete pwodwi chimik nan tèt timoun yo,remèd natirèl sa yo pi bon lontan ke pil pwodwi sa yo,wap pran plis tan men yap retire tout bagay nèt,pou,ze yo,yon sèl kou.

 

Epi lwil ou achte pou retire pou a ap sèviw pou anpil lòt bagay ankò nan kay la,e jis yon gout wap itilize ou pap fè defisi menm paske gen moun ki renemn sèvi ak bagay ki pi fasil ke pou yo pran yon titan prepare yon bagay ki pi efikas epi kap dire pou lontan nou te ka di moun sa yo renmen tou pare.

 

Engredyan pou elimine pou
Aplike vinèg blan
Bouyil,kitel frèt mete moun ki gen pwoblèm nan tèt li a chita devan douch la pandye tèt li nan benwa apre vide vinèg la sou tèt li pa videl poul boule kitel cho nan nivo li ka sipotel,bouyi anpil vinèg pouw ka jwenn pou cheve ak pou rasin yo tou.Vlope cheve a ak yon plastik pou aksyon vinèg la ka fè efè lap fè a sa se pou bèt yo ka mouri kitel fè yon èdtan.

 

Aplike lwil oliv
Apre èdtan retire sache a,ouvè cheve a branch pa branch pouw ka wè tras yo byen tou,pase lwil oliv ladan yo nan cheve tankou nan rasin sa se pou ze yo ka elimine,kite lwil la fè yon èdtan,apre vlopel ak yon lòt papye plastik

 

Lwil oliv la fè ze yo kite kote yo te mare nan cheve a,yon jan pou yo sòti nan cheve a,ak lwil la li pi fasil lontan pou yo kite cheve a.

Nou konnen sa pa rive fasil pou nou gen pou,men ou pa janm konnen yon ti fanmi,yon vwazin,eseye ak ti remèd sa ou pap regrèt.