Kouman pouw fè konnen si yap fawouche pitit ou lekòl?

Lite kont diskriminasyon se yon bagay pi ansyen kite ka egziste li te mèt reliyon,ras,sèks,kondisyon fizik.Farouch se yon chaj ki pi lou yon moun te ka pote sou zepòl li.

chak jou yon moun kache sal renmen,nye relijyon l,kache aparans li oswa inyore zansèt li,tout bagay sa pou yon sèl siy poul ka pa parèt diferan.Fawouch lakòz plis swisid pase sa nou pata imajine nan dènye ane sa yo.Siw bezwen konn si pitit ou ap soufri bagay sa nan antouraj li aprann idantifye kèk siy ki enpòtan pou anpeche kalite abi sikolojik sa a.

1. Li pa vle retounen lekòl,li chache eskiz poul pa ale
Siy sa yo plis nan adolesan,menm siw ta wè l gen anpil domi kontwole l byen pouw wè ki sak fèl pa vle al lekòl,si gen chanjman nan atitid li,sil toujou nève nan epòk lekòl epi nan fen semèn kè l kontan,kou jou lendi pral rive li retounen menm jan.

2. Montre siy abi fizik
Grafouyen,kout zong,gou ki pa parèt se nan jwe li pran yo,lè yon timoun tonbe lè lap jwe li toujou di paran l sa,men si se nan fawouch li pap di sa,al lekòl la pale ak pwofesè a pouw ka konn sa kap pase epi pale sou sekirite timoun nan.

 

3. Li parèt fatige anpil ak depresyon ki pa jistifye
Pafwa lè timoun yo soufri fawouch yo pa di paran yo sa,yo pè reyasyon paran pral fè a,yo wont pou ap di sa lòt timoun ap fè yo pase,panse yo pa aktif,yo vin gen anpil enkyetid sa se siy kle,yo preske pa manje,menm sa yo renmen pa enterese yo anko.

4. Yo gen kèk zanmi
Yo pa janm pale de zanmi lekòl yo nan kay la,anpil timoun yap fawouche konn pase pifò tan nan rekreyasyon pou kont yo,jan timoun renmen zanmi,aprann bay timoun yo kontwòl.gen peyi timoun nan konn pa kapab ankò epi li touye tèt li.

Saw dwe fè?
Aktive konfyans li,aprann li poul aksepte l jan l ye ak chanjman lavi a pote pou li
Pale ak pwofesè yo paske yo pase plis tan ak li,yo konn baz pwoblèm nan plis pase paran
Si Pwoblèm nan pa rezoud,chanje l lekòl,sante mantal pitit ou a pi enpòtan
Revize telefòn li pou w wè relasyon l ak lòt moun,li gendwa pa diw sa kap pase l epi li di yon zanmi l sa
Renmen l,bal anpil afeksyon,lanmou se bagay ki pifò sitou pou yon timoun kap pase moman difisil