Poukisa chen yo ap plenn lè mèt yo ap sòti?

Gen chen ki konn pa santi yo byen le yo pou kont yo,sa konn rive yo chire tout kouzen, kanape ,kèk vwazen konn fache paske chen an chape twop lè pa gen moun,ou pa fouti pa wè l ap kriye lè w prale,oubyen parèt tris.
Gen moun kap viv ak chen men yo pa konn kijan pou yo trete oubyen yo ta renmen pran swen men yo pa konnen tou si chen an ap kriye nan maten,aswe ak nenpòt lè a yo pa konn kijan pou yo jere sa.Li komen anpil pou wap mande sak fè lap kriye konsa.

Yo kriye paske yo santi yo nan solitid
Youn nan bagay ki fè chen an plede plenn lè zanmi l imen ale kite l se paske l santil sèl,kri solitid li se lè bèt la santi yon pwofon sansasyon ensekirite kote l panse l pap wè ak konpayon l anko,anpil fwa yo paka menm sòt deyò ke yon kote yo fèmen

aullar1

Yo kriye paske yo gen enkyetid pou separasyon
Yon lòt bagay ankò se lèl santi l pral separe ak mèt li,15% chen gen pwoblèm sante,sa vle di li atache anpil ak mèt li
Sa pou m fè lè chen m nan ap kriye depi sòti

Lè chen vin nan kay la pou premye fwa gen anpil bagay li dwe aprann nan yo se pou w aprann li rete trankil nan kay la,lèl pitit aprann li kòm yon timoun,jiskaske li rive adilt,nap ansenye l pou l pa kriye,se pa yon bagay fasil men chak tan lap aprann siw kite l poul fè sal vle ou pap ka korije l.

Kijan pou kite nan kay la san l pa kriye?
Kite l yon kote ki femen ,kote l ka vire epi repoze,mete jwèt pou li pou l ka jwe,anvan w sòti menen l al fè yon ti mache,apre kite manje ak dlo pwòp pou li.