Flè pou maryaj

Depi nan seremoni,resepsyon,kote pou moun marye yo danse a,pou yo pa gen anyen ki enpòtan se chwazi flè pou dekorasyon,li pote jwa,koulè ,yo santi bon.Moun yo ap gen pou adapte chwa yo fè a ak kote maryaj la ap fèt la.
Pivwan:Pou yon maryaj klasik

Se yon flè ki gen orijin li an Ewòp,Lachin,Amerik di Nò.Flè sa se pou maryaj klasik pa neglije chwazi l pou sant dekorasyon an,yo bèl,yo senbolize pwosperite,bon sante ak yon maryaj kè kontan.Se yon flè Me ak Jen,pou kont yo oswa konbine ak lòt flè.Bote koulè a sòti depi nan blan,woz,koray e menm ton wouj

c700x420

Woz:Pou yon maryaj ki gen anpil pasyon
Si kote maryaj la ap fèt la gentan di tout bagay,se jis yon men pou dekorasyon ak woz la,se flè ki plis komen epi pasyonèl,anplis ou ka melanje nenpòt lòt ak li,sak tap bèl la se bay medam kap mache yo chak yon branch woz oubyen mete l nan sant tab la akonpanye ak balen

BN1120RD

Flè Margaritas:Se yon flè ki pa menm jan ak lòt yo,li senbolize inosans,timoun, ak amitye.Li reprezante bliye tan lontan an.
Si w ta deside bay maryaj la yon stil jaden,kòmanse depi nan bouke flè w ,sak pral nan do chèz yo,kreye yon anviwònman espesyal,jwe ak koulè yo,pou ka gen anpil ke kontan nan jou sa,y’ap bay yon lè fre ak natirèl.

images (2)