Dekore kizin ou

Kèk ti ide pouw dekore kizin,sanw pa gen lajan,paske li pa fasil pouw dekore kizin sitou siw pral chanje mèb ki ladan yo,lap kote yon bon ti kòb.

 

1.Imaj
ou ka gen kèk ti tablo,ou pa menm sèvi ak yo tout ka ale nan kizin nan,pentire boutèy ou pa sèvi ak yo ankò plizyè koulè,ti po flè atifisyèl,wap wè kijan lap chanje

 

2.Dekore ak fwi
Eseye dekore ak fri li ka natirèl kou atifisyèl,li te mèt se yon pat fig depi jwenn yon kote pouw mete nan kizin nan,pa pè metel tout sa ap atire bote a.

 

3.Kapèt
Anpil fwa nou panse mete kapat tout kote andan kay la menm devan pòt men nou pa janm panse ak kizin nan,ou pa oblije mete yon kapèt kap pran tout kizin nan,ou ka mete mezi kote chès yo ye sèlman oubyen chache yon jan fè yon ti dekorasyon avèl sou tab la.

 

4.Koke veso
Gen moun ki toujou panse se moun an pwovens ki ka fè sa sèlman,nan tout peyi gen kote wap rive ou jwenn yo pandye kèk veso depil pa lèd,tout sa wap fè dwe parèt bèl

 

 

5.Etajè
Fè ti etajèw pou kòw mete bèl ti po ladan,ou ka sere epis sèch nan ti po yo,ak lòt ti bagay pouw fè manje,fèy pou te elatriye.

 

6.Ranje kabinèt yo
Pa janm plede gaye oubyen sèvi mal ak kabinèt yo,paske sa sèlman ki nan yon kizin ap level anpil,si yo merite pentire pa neglije fè sa,toujou pase ti twal sou yo