Eske li pi bon egzèsis nan maten oswa lannwit?

Sirkadyèn se yon ritm ki detèmine lè yon moun pre pou fè egzèsis.Faktè byolojik la depan de tansyon,tanperati kò,ak sikilasyon san pou fè espò.

 

E sim fè espò nan maten?
Espesyalis yo rekòmande pou moun fè espò,lè ki pa pre manje,pou kontwòle pwa kò a pi byen nan maten,se yon abitid pou moun ki abitye fè sa,anpil moun prefere fè espò nan maten paske yo santi yo gen plis fòs pou sa epi yo poko manje sa fè yon pi lejè.

 

 

E sim fè espò lannwit?
lèw fè espò lannwit òmòn ak tanperati yo gentan depase nivèl yo,òganis lan ka vin fatige apre tout aktivite nan jounen an,se poutèt sa li tap pi bon nan maten,paske ou poko manje,nivo òmòn yo tou poko ogmante.Sak pi bon lèw fè egzèsis epi wa evite anpil maladi,òmòn ki libere lè wap fè espò a fèw repoze pi byen.

 

Eske li pi bon egzèsis nan maten oswa lannwit?jiskapresan sa pral depan de oganis ou,oubyen de sak fèw pi byen an,siw reyalize aktivite fisik ou byen,wap satisfè ak rezilta nenpòt lè.