Kijan pou w aprann timoun nan konsantre?

Sou sijè etid la,li enpòtan pou yon moun aprann konsantre,paske li mande anpil konsantrasyon,se poun toujou pwofite de tan.

Li yon ti jan difisil lè timoun yo piti pou yo konsantre nan leson yo se poutèt sa ou menm paran gen pou fè devwa paw la,ki pral bay timoun nan yon abitid nan fiti.

1.Evite yo distrè
90% nan mank konsantrasyon sòti nan distraksyon,sa vle di lè timoun nan distrè nan moman lap etidye,egzanp si timoun nan ak yon jwèt,telefòn elatriye nan menml pandan wap apran li leson an se nòmal li pap konsantre,ou sipoze retire tout sak ka anpechel etidye nan moman bò kotel.

2.Metòd ansèyman
Nan lekòl la yo ka anseye l anpil bagay men yo pa aprann li kijan poul etidye,li gen devwa kote poul fè chema,soulinye men yo pa menm dil kijan poul fè yo,ou menm tankou paran pral ranpli devwa kise aprann li tout sa lekòl la pa rive fè avèl sèl sa pa apran timoun nan kopye ni sere poul.

 

3.Bal ankourajman
Pinisyon kounyea preske pa fonksyone,se plis pale ak timoun nan epi ankouraje l nan bagay positif lap fè menm siw pa renmen sa lap fè a,timoun yo konn ti jeni depi tou piti sanw pa ran kont se lèl gran wap rann kont de sal te konn fè ki metel kotel ye la.Dil ki benefis lap genyen lèl konsatrel poul etidye ak bèl ti pawòl se tout leson an wap wèl konnen.

4.Pa egzije twòp
Erè paran yo fè pafwa se menm si yo wlè timoun nan pa kapab epi yap fòsel,siw wèl fatige se pa parese li ye,se jis li about li paka kenbe anyen ankò,fèl repoze apre pita wa retounen ak leson an.
Siw se yon moun ki reponsab,serye,elatriye li posib pou timoun nan sòti menm jan ak ou,men tou siw se yon vag,iresponsab,ou fè tout bagay anreta elatriye timoun nan gen chans poul sòti konsa,lèw wè yon timoun ak yon konpòtman pa kouri di se ras entèl men fè yon ti reflechi pouw wè si se pa kotew li pran bagay sa.