kijan pouw viv lanmou?

Ou dwe aktiv nan piti ak gwo detay ki ka fè yon moun kontan,ou dwe konnen sak pi enpòtan pouw fè chak jou li gen dwa,yon mesaj tèks,yon bèl ti jès,pa ale fò relasyon an se chak jou li grandi se pa kou manje a desann li frèt menm si nan moman li difisil pou yon moun chwazi viv lanmou men gen 6 modèl koup yo idantifye nan tan aktyèl la.

 

Yo dekri yo nan fason sa:
“Nou te fèt pou nou renmen nan nenpòt epòk nan lavi sa,nou bezwen yon bon lanmou poun pa soufri lèn pa merite sa poun ka toujou obeyi nan relasyon an epi fè sa kap bon pou nou de a”.

 

ki stil relasyon ou tap chwazi?
Ni lakay ou,ni lakay mwen:Poul yon relasyon li pa esansyèl pou nou viv ansanm anvan nou marye,menm si nou renmen anpil nou pa oblije wè lòt chak jou,nou pa bezwen diw poun ta viv ansanm anvan maryaj,li pi komen pouw jwenn chak moun ap viv lakay yo,rezon yo anpil sak pi enpòtan se pou youn konprann lòt ak yon bon baz konfyans,sekirite youn pou lòt.

Ansam oubyen yon melanj:Gen relasyon tout bagay se pou yo de a(tan,espas,plezi,lajan,meb elatriye)pa gen anyen pesonèl tout bagay melanje nèt sa pa vle di pouw fè sekrè men gen bagay ki merite pou ou sèlman,altènatif la se pou nou ansanm se pa poum melanje tout bagay yo ansanm chak moun bezwen ti espas pesonèl yo.

 

 

Pitit:Se yon bagay pou nou pale sou li anvan relasyon an rive pi lwen paske se pa tout moun ki vle gen pitit,gen lòt kap bay anpil bagay pou yo gen yon timoun konsa tou genyen ki pa vle pitit se sak fè fòk tout bagay pale anvan pouw pa al oblije yon moun fè pitit,pa di nan fiti lap chanje lide paskew pa konn fiti.
Lanmou nan nenpòt laj:Premye renmen an pa pi bon,ni dènye a ak sa ki nan mitan,jis sak fèw santiw byen an,li pa bon pouw renonse ak lanmou swa paske mariw mouri oubyen ou divòse tout otan kèw ap bat”lanmou posib”

 

Selibatè:Yon fi san yon gason nan vil ka gen yon vi konplè,positiv,satisfè ak anpil kalite,sa depan de moun nan,pigaw tan pou moun ap vin ranpli vid ou,poukisa ou paka moun ou vle ye a,yon lòt moun pap ka vin fèw viv saw bezwen ekperimante a,depiw antoure ak bon moun.

kòman poum konnen sim gen yon bon moun nan menm?:Sak enpòtan se pouw vle,kapab kreye pi bon modèl adaptasyon ak tèt ou anvan,apre ak moun ou renmen an,yon relasyon pa fèt ak yon sèl moun epi pa gen moun ki san defo.