Fè atansyon ak sa chen w lan ap manje

Si nou pa chanje jan nou bay chen an manje,nap domaje sante bèt la,jis ete yon ti kòb sou kote poun achte sak bon pou li

Balanse nitrisyon an
Se vre chen an se yon kanivò,sa plis ke yon klasifikasyon ke yon endikasyon abitid nan manje,pifò bèt ki sèvi tankou manje chen se èbivò yo ye(yo manje vejetal)andan lestomak yo gen vejetal ki pa fin dijere.Yon lòt bò yo jwenn kanivo souvaj yo manje rasin,ze zwazo elatriye,nan yon sans nou ka di chen pa yon kanivò ki pi kòz sa lap manje yo.
Sa yon chen dwe manje?

Vyann toujou rete prensipal manje chen,men se pa sèl li,vyann gen pwoteyin,mineral ak vitamin

unnamed (23)

Sa pa vle di vyann bèf sèlman poul manje
Gen lòt vyann ki pi ekonomik,ki gen menm avantaj la tankou:mouton,kochon,bèt volay,lapen ak pwason (san zo).Lè nap pale de vyann nou pa di zo,fòk nou bay chen an vyann se pa lèw fin manje ou lage zo a ba li,si o si fòk ou bal zo poul ka bay dan l fòs.

Ki lòt sous pwoteyin mka itilize poum alimantè chen mwen an?
Ze, lèt, fwomaj, san,farin pwason,farin vyann,farin orijin vejetal,elatriye
Yo ka manje zik ak sirèt?

Kabon esansyèl pou chen,men jan pou tout mamifè yo,men sirèt pa pi bon sous pou sa,yo ka jwenn kabon nan sereyal,fwi,legim,anplis yo gen vitamin enpòtan.

 

Sam dwe fè?
Chen yo toujou reziste ak nenpòt chanjman alimantè,se jis yon tan poul deside.Pou w ka trankilize konsyans ou,fòk ou konnen chen an ka pase plizyè jou san manje,depil gen dlo poul bwè,pa yon yon bèt ki ansante ki ka mouri pou manje