Kijan pou retire makiyaj?

Nan sa gen yon ekip makiyaj ki pran anpil tan pou yo retire ak dlo oubyen”waterproof”pafwa nou konn tèlman fwote po zye nou ak konton li irite,nou dwe fè yon jan poun evite sa,nan atik sa nou vle rakontew kijan pouw retire makiyaj sanw pa irite pow epi rapid.

 

Pou siw pat konnen,lèw pa retire makiyaj la nan zyew li fè plis mal ke byen,nou konnen gen plizyè fwa ou dòmi ak yo ebyen li enpòtan anpil pouw retirel anvanw dòmi.

 

1.Sèvi ak yon sèvyèt fasyal:Yon sèvyèt pou demakiye zye ak figiw se premye bagay ou dwe fè anvanw rive itilize pwodwi pwofesyonèl yo.wap jis netwaye figiw ak zye,lap kite pow pi soup pou pwochen saw pral itilize a.

 

 

2.Itilize yon demakiyaj zye ki bon kalite,depanse yon ti kòb anplis pouw achte bagay mak pouw pase sou zye w gen anpil lòt ki pap fè anyen pouw menm mak kreyon an yo paka retire,mouye solisyon a ak koton epi pasel kote ki gen makiyaj la sa ap edew retire nenpòt lòt makiyaj sèvyèt makiyaj la pat retire.Siw pase koton an ou wèl pwòp,la ou ka kontinye ak rès bagay yo.

 

3.Evite lave figiw,siw lave figiw ak savon li ka kòz yon gwo iritasyon,se poutèt sa li bon pouw evitel,pran yon ti bout koton mouyel ak dlo ki pou retire makiyaj la,fèl dousman pa fwote figi a nap wè jan lap sòti byen rapid sanw pa menm retirèl fwotel sanw pa irite zye w.