Men kèk bagay dlo oksijene ka fè

Jan nou diw la gen plizyè bagay ou ka fè dlo oksijene a,se pa sèl desenfekte blesi

Pou konbat akne
Sa ka rive ou pa janm tande yo itilize dlo oksijene pou fè remèd nan kay pou bouton,pwopriyete li genyen yo ka ede w,anvan fè sa,lave figi w byen epi aplikel dlo oksijene a ak yon ti koton kote ou gen akne yo,pa pasel nan tout figi a paske se yon dlo iritan li ye,epi li pike jis metel kote ki gen tach ak bouton yo.

 

Elimine tach sou po
Dlo oksijene,itilize tankou yon ajan ki blanchi,se yon bon kalite engredyan pou elimine tach,poutèt sa wap tranpe yon bout koton nan dlo oksijene a epi pase nan zòn sou po ki nwa epi kitel fè 20 minit,apre resen l ak dlo tyèd,pandan wap pasel la si w wè kote a ap wouj li gendwa yon bagay nòmal,men siw santi lap pike w,eripsyon pa kontinye pasel,dlo oksijene a bon pou pase anba bwa pou retire nenpòt tach deyodoran ta kite anplis li ede konbat move sant.

Blanchi dlan
Dlo oksije ka itilize tou pou yon dan pi blan,anpil dantis itilize peroksid idwojèn pou yo ka blanchi dan,pou netwaye dan ak pou evite enflamasyon nan jansiv,sèl bagay wap gen pouw fè se rense bouch ou ak dlo sa pandan 30 segond anvan w dòmi,gou a ka yon tijan dwòl epi siw gen anpil bakteri nan bouch ou wap wè lap fè anpil kim.Siw vle maksimize efè sa wap melanje l ak bikabonak konsa wa itilize l tankou pat.

 

Kont move sant nan bouch
Pa gen moun ki renmen pou yap pran sant yo,anvan pat te egziste yo te toujou itilize plisyè remèd pou evite sant sa.Pwopriyete Antiseptik dlo oksijene a genyen an,li bon anpil pou elimine bakteri ki akimile nan bouch la ak nan fant dan yo kote bagay sa yo ka kòz move sant.Rense bouch ou 30 segond ak dlo oksijene lè w fin bwose ka edew konbat pwoblèm sa.