Modèl soulye pou maryaj

Soulye a ka kraze jou maryaj la li pa oblije ale oubyen menm koulè ak rad la.
Jis ou bezwen yon soulye pouw santi w byen.

Chwazi soulye pou jou sa , sa depan tou ki kote maryaj la ap fèt si se legliz oubyen bò lanmè.

 

Soulye swa, krèp oswa saten yo toujou chwazi yo paske se menm jan ak twal rad maryaj la yo ye.
Chwazi koulè soulye a sa vle diw dwe pran yon echantiyon avèk ou.

 

asirew ke koulè yo menm jan
ou ka deside yon soulye dekore ak bèl grenn pèl.
Asire w ke w chwazi yon soulye ki apwopriye pou seremoni ak resepsyon an.

li pa oblije yon soulye blan li ka yon koulè ki ale ak flè a tou.