Menm siw renmen l anpil,depi l pa fè w byen kite l ale

Siw se yon moun ki nan sitiyasyon sa,panse byen,si vi w pa janm anpe,wap mouri anvan lè,wap granmoun pase laj ou

Paske mwen renmen l,mwen kite l twonpe m
Paske mwen renmen,mwen kite l ap maltrete m
Paske mwen renmen l,mpap dil anyen sou jan lap aji ak mwen
Paske mwen renmen l,mwen fèmen bouch mwen
Paske mwen renmen l,mwen paka mèt tèt mwen anko
Paske mwen renmen l,map rèt la

Nou konnen sa di anpil,pou moun pral pale nan koze w,jan yo wè wap viv apre pou yo tande se konsa moun nan ap maltrete w nan kay,men wont se yon volonte,pito nou lèd nou la jan pwovèb la di a,apran sòti nan yon sitiyasyon kap kokobe w se renmen tèt ou san mezi.Kobyen fwa yo maltrete w apre se bèl ti pawol yo ba ou,demen maten menm ti pwoblèm nan repete,jiska kilè ou gen pou sipote bagay sa?konbyen fwa ou tonbe nan pyej sa?

 

Pafwa anpil fi lè yon renmen yon moun yo bal nasyonalite vi yo,poul ka fè soti antre men lè moun sa fè yon bagay lap toujou gen yon jistifikasyon poul ka antre,sa pa gen sans,nou dwe bay moun nan yon visa ki gen dat ekpirasyon,vi chak moun se peyi yo,pa ba otorizasyon pou moun vin antre jan yo vle.Menm siw renmen yon moun sa pa vle di pouw rete ak li,anpil fwa se konsa nou panse ki fè nou paka bay vag,lè yon moun ap joure w se kòmsi se kou lap baw sèl mak la pa rete sou ou,kontinye viv ak yon moun konsa se komsi ou pa renmen tèt ou anpil.

Lew ak yon moun ki pa fèw byen,ou pa renmen tèt ou,saw fè se desan tèt ou pou sipòte yon relasyon ki paka mache,siw te gen yon ti kal respe pou tèt ou,ou ta dwe soti nan bagay sa.

Jodia gen anpil api pou nou sòti nan kondisyon sa,pa pè di yon moun sa wap afwonte konsa la mennenw kote pouw jwenn èd,ou ka lite pou tèt ou,chache yon bagay ki miyò pou ou.Renmen tèt ou.