Pa sere pòmdetè nan frijidè

Fredi a kapab akselere dekonpozisyon kèk manje,gate l anvan lè,gen lòt menm ki ka pèdi save orijinal yo sin mete yo nan frijidè pa egzanp nou paka mete pòmdetè.

Poukisa nou paka mete pòmdetè nan frijidè?
Anpil nan nou sòt fè mache epi nou mete tout bagay yo nan frijidè,pwodwi yo gen kantite jou pou yo fè,se poutèt sa lojik la tout manje papa al frijidè,sèlman frijidè pa pi bon kote pou moun sere manje.Pen,pòmdetè ak zonyon pa dwe ale ladan.

Sere pòmdetè nan yon tanperati ki pi piti ke 7 degre ap konvèti amidon lan an sik,sa pral fè l vin pi dous epi lap chanje koulè l se poutèt sa nou pa dwe sere pòmdetè nan frijidè.

 

Nan plas frijidè a nou ka mete yo nan yon sak nwa ki gen kote poul wè lè,si sak la pa gen twou ladan,lap fèl pouri pi rapid,se poutèt sa ou dwe gen yon sak ki plen ti twou ladan.

Pa janm lave pòmdetè anvan w sere l,twòp imidite ap fè w pèdi pòmdetè a,tan lèw pral itilize l pouw lave l
Yon sekrè

Siw sere l byen,li ka dire 2 jiska 3 mwa.