Eske l posib pou kenbe yon pasyon?

Jodia nou pral pataje kèk ti konsèy ak ou pou kenbe entimite vivan nan relasyon oubyen reviv li siw santi l pèdi.Siw aplike bagay sa yo yap amelyore kondisyon emosyonèl ou konsa wap gen yon vi ranpli ak jwa.

Jwe
Jwe ak patnè se yon jan pou w fèl santi ou la pou li,ou pa bliye l,chache yon jan poun jwe chak jou li te mèt ak ti pawòl nenpòt lòt bagay,envante,yon ti pawòl nan zòrèy,yon ti bo li pat espere,anbrase se bagay ki fè moun kontan anpil nou pa bezwen diw si se moun wap fou pou li a ki anbrase w sanw pat espere.

Bo
Eske w konn konbyen tan w fè ap bo ak patnè w?yon 15 segond se yon jan pouw konekte ak patnè w,ogmante lanmou an,entimite ak amelyore atitid la.Yon bo long toujou kite plis anvi.

Mesaj tèks
Ekri yon mesaj tèks kap fèl souri,menm siw te fenk fin wè l pa kite moun gate patnè w fè travay ou

Mèsi
Aprann remesye yon moun paske se ou li chwazi renmen,menm siw pa wèl menm se yon gwo bagay,gen anpil jan ou ka fè sa,yon nòt sipriz,chokola,kèk flè, yon dine espesyal, ede nan travay kay la,nenpòt ti detay konte.Yon mèsi sensè twòp pou rapwòche w ak patnè w.Pa janm bouke felisite patnè w pou w dil jan l bèl,kijan li enpòtan pou ou,si rad li fèl byen tou se nan bouch ou pou l premye jwenn felisitasyon,aprann apresye saw genyen konsa lavi a ap pi senp pou w.