konsèy pou òganize yon fèt sipriz

Tout moun gen anvi sa ki monte nan tèt nou,jou fèt nou poun òganize youn,menm si nou pa dil sa rete nan ke nou,men nap panse kot tout zanmi,fanmi,sa m genyen an poukisa yo pa òganize yon bagay pou mwen nan nouvo jou sa.Si w te viv eksperyans sa a,ou konnen li se yon eksperyans inoubliyab.

Ou pap gen pouw fè anpil efò,siw bezwen bay nenpòt moun ki enpòtan pou ou yon sipriz

Preparasyon

Fe yon dekorasyon ak foto depi lèl te piti jiska laj sa.Anpil moun renmen pou yo fè yo reviv moman enpòtan nou pase nan vi nou,chache nan Facebook foto li pi renmen fè yon koleksyon,enprime yo epi mete yo nan yon miray,pran foto bon moman nou pap janm ka bliye ak pi bon zanmi,fanmi,bèt kay,elatriye

gift-box-635778_960_720

Siw gen eskalye pwofite de li
Sou mach eskalye a,lè lap antre komanse fel santi gen yon bagay kap rèt tan li,epi se yon jou ou konnen moun nan ap fè tout jounen deyò pouw prepare sipriz la,reyini tout zanmi l yo,fè sa an sekre poul pa konnen,si moun nan se mariw kite yon kado espesyal pou li nan chanm nan.

Mistè se yon pati nan sipriz la kap rete pou tout tan nan kè ak memwa moun nan.
Mete laj li sou blad yo
Tout sa depann siw vle laj li parèt,si non ou ka ekri”Happy Birthday” ou pa bezwen dekore kay la anpil jis fè kèk bagay ki rale atansyon.

Manje
Pou manje a menm chwazi sak pi senp lan,paske lè moun nan rive fòk tout bagay gentan fin prepare,eseye fè manje nou pa manje souvan tankou poul anban fou,pizza,krep,ekrevis,elatriye saw santi kap fè moun nan plis kontan.
Sitou pa bliye gato a ak non moun nan sou li.

public_balony_šetriť