Kijanw ka konnen siw fè dyabèt?

Lew santiw pa byen,se pou al lopital pouw ka konnen saw genyen paske maladi pa jwe ak moun,dyabèt 1 se lè selil ki nan pankreyas pa pwodwi ensilin ankò,dyabèt 2 a relasyone ak jan de vi moun nan(manke fè egzèsis ak twòp konsomasyon nan sik).

Li enpòtan pouw konnen siy ak sentòm dyabèt la,konsa wa konnen jan pouw tretel byen vit.

1.Rekonèt siy ak sentòm dyabèt yo
Siy ak sentòm ki komen nan dyabèt 1 ak 2
Bwè dlo souvan
Grangou souvan
Vizyon twoub
Pipi souvan (reveye twa fwa oswa plis ke sa nan mitan lannwit pou pipi)
Fatig (sitou apre manje)
Irite fasil

19928688633_3cc3107ba2_b

2.Pran konsiderasyon nan stil vi wap mennen pou kò w
Yon moun ki gen yon vi inaktif,gen plis risk pou fè dyabèt 2.Moun ki obèz,twò gwo oswa ki manje plis bagay dous,pa bliye dyabèt 2 a relasyon ak vi wap mennen an.

3.konsilte doktè w
Yon sèl janw ka konnen siw fè dyabèt la vre se toujou al wè doktè w poul ka kontwolew,konsa lap fè yon egzamen poul ka wè kijan w ye,li tap bon pouw konnen siw gen maladi sa pi bone,danje dyabèt la bay nan kò a se yon bagay ki pran anpil tan pou aji,nan yon tan siw pa tretel bontè sik nan san pap ka kontwole.

4.Toujou chache prèv
Siw te fè egzamen an yon fwa,li pat positif pouw,men ou toujou gen menm sentòm ak siy yo,bat pouw toujou al wè dokttè a pa kite tan pase,konsa wap sou kontwòl,epi se yon jan pouw jere jan wap manje yo tou.