Kòmanw ka fè pitit ou obeyi?

Pa gen bon edikasyon ni obeyisan san pa gen disiplin sa pa vle di jodi demen pral gen obeyisans,Timoun nan fèt sanl pa gen nòm.

Yap bezwen èd paran yo depi tou piti pou ba yo edikasyon,sa yo pral konsyans kap gide yo tout lavi,sa byen fè tris pafwa paran yo pa menm pote atansyon ak sa paske yo pè pèdi lanmou timoun lan gen pou yo,se yon erè ou pa dwe janm fè,pito timoun nan rayiw epi li gen bon edikasyon kise baton pou fè wout lavi avèl.

Men kèk konsèy pou manman yo
Pale pozitif:ke pou ta rele sou timoun lan pouw dil etenn televizyon an,li tap pi bon kew dil ak yon fwa swa fèm,paske li pa bon pou yon timoun rete anpil tan devan yon televizyon.

Fasilite travay la:aprann li sa poul fè anvan,sak gen plis enpòtans ak sak gen mwens,pa aprann li minimize travay tout travay se menm genyen si o si fòk ou fè anvan,egzanp li toujou pi bon pouw netwaye lakou ak salon anvan chanm paske si yon moun vini se la nou pral resevwal.

Eksplike nòm yo:ke pouw ap repwoche yo chak sa yo fè,men li tap pi bon siw chita pale ak timoun nan pou mandel kisa ki pousel fè sal fè a,pa gen moun ki renmen pouw repwochel sanw pa dil poukisa ni tou ou pat janm dil sa poul fè ak sa poul pa fè.

 

Kritike sa timoun nan fè a,men pa kritikel:li pa bon pouw bat yon timoun paske chak tan w bat li lap vin abitye ak sa,li pap pè baton ankò,li tap pi bon yon ti chita pale,evite pou timoun nan pa rayi tèt li ak sa wap dil yo,pa janm dil li se yon mmove timoun,vagabon,parese elatriye pou pawòl sa yo pa swiv li tout lavi.Yon timoun ki toujou tande yap dil bagay mal lap vin konvèti an mal paske se sa moun panse de li.

 

konsèy pou pa tounen yon moun fou
Fèl pran poz pa fòs:si wap pale ak yon timoun li pa janm okipew,pa nan fè kòle jis fèl al nan chanm li epi fenmenl andan pou yon tan,sa ap edel chanje konpòtman pa mande sil pa renmen rete pou kont li.

 

Konte jiska 10:timoun nan distrè nan jwèt menm soulye li pa vle mete pouw ka sòti,pandan wap konte tan sa pran valis,kle w dil depiw fin konte fòk soulye a gentan nan pyel si non ou prale kite.

 

 

Retire privilèj li:sil gen yon bagay li renmen nan moman li pa vle tande ni obeyi ak sa wap di yo se retire yo nan menml pou yonn semèn,pa li istwa pou li anvanl dòmi poul ka konpran relasyon ki genyen ant aksyon ak konsyans,pa janm itilize baton pou timoun jan nou diw la,aksyonw se fòs ou epi lèw bay yon pinisyon piga kèw fèw mal,depil konn feblès ou lap fè menm bagay la ankò li pap vin gen krent pou ou.