Aprann renmen tèt ou

Menm si nou pap kwèl men gen anpil moun nan sosyete a ki pa fyè de yo,nenpòt janw ye ou dwe pwofite chak jou pou wap admire w epi diw bèl pa kite se moun wap tann ki pou diw sa.
Nan lavi pa gen moun ki lèd,nan yon sans nou te ka diw pa gen moun ki responsab janl ye a tankou:nen plat,nen pwenti,gwo bouda,ti bouda,wo,kout,elatriye sak konnen si moun nan se pa sak fòme moun nan bagay sa yo se karaktretik komen ki di ou se yon lòm,men se pa karakteristik pesonèl ou.

Wap gen pouw swiv pa sa yo

1.Sispan rayi tèt ou
Toujou mete nan tèt ou,kew se yon moun espesyal,chak moun sou te a diferan epi espesyal,Bondye baw volonte san pa pase limit pouw fè saw vle,ou nan pizisyon pouw renmen tèt ou ke nenpòt moun

2.Evite move zanmi
Tout moun se moun men tout zanmi pa zanmi,gen zanmi ki la pou baw kouraj konsa tou gen lòt sèl dekourajman yo bay,gen yon jan yo bay vye konsèy yo ou pap janm wè sa,epi ou gen pouw wè se moun sa ou plis fè konfyans,moun nan toujou ap mete baryè nan tout sa wap fè,li diw pap rive ou paka fèl,ou pa gen fòs pou bagay sa se moun ki gen ekperyans se tout yon dekourajman jiskaske ou vin kòmanse rayi tèt ou,men ou pa janm panse yon jou se zanmi sa kap jwe nan tèt ou,chak moun gen kapasite yo aprann chache saw ka fè pouw ka wè jan w gen anpil valè nan zye tout moun,pa janm diw ni kite moun diw pa kapab.

3.Devlope konfyans nan tèt ou
Kòmanse pa ekri yon lis sa ou renmen sou tèt ou,fè yon lis fizik ak sikolojik,kòmanse nan sak pi piti yo pouw ka motivew
Mwen renmen koulè zye m
Mwen renmen lèm ri
Mwen renmen travay mwen

4.Fòk ou rekonesans
Fe yon lis diferan ak premye a,pouw ka wè valè bagay ou fè deja pouw toujou di tèt ou mesi chak tan w gadew nan klas,di fanmiw mèsi,di chak sa gen nan laviw mèsi tankou:

Mwen rekonesan pou fanmi m
Mwen rekonesan pou chat mwen an
Mwen rekonesan pou kay mwen
Mwen rekonesan pou move ak bèl bagay jodi a
Aprann renmen tèt ou,pa bay espas pou moun vin fèw santiw mal de viw menm mariw oubyen mennaj ou,pa bliye ou gen anpil Valè devan moun ki te kreyew la.