kijan yo blanchi rad blan?

Jodia nou pote kèk trick pou w ka ede rad blan yo pa koulè,epi sak te gentan jòn yo pou yo ka repan koulè yo,rad blan yo byen souvan yo frajil anpil paske yo sal pi rapid ke nenpòt lòt koulè rad.Gendwa ou se yon moun ki renmen rad blan men ou pè poul pa chanje koulè vit ou prefere pa metel fasil pou evite sa.

 

Kijan pouw blanchi rad blan ki vin jòn?
Mete rad la tranpe nan dlo ak savon lave,yon ti sèl ak ji 2 sitwon,kitel fè 1 èdtan nan dlo a,apre tòdel metel nan solyèl,rad la ap vin pi blan ke janl te ye a.

 

Mete rad la nan dlo ak yon ti dlo oksijene kèk gout amonyak pandan 5 minit,resèt sa yon ti jan fò pou rad ki fèn men li bon pou retire tach nan rad blan ki pa vle sòti.

 

sèl ki nan dlo a,li amelyore aksyon savon an epi li ogmante aksyon blanchi rad yo,mete 1 jiska 2 kiyè bikabonat nan dlo nap lave a epi nap wè rezilta.

 

Konsèy pou kenbe rad la blan
Lèw fin fè rad jòn nan pran koulè blan sa pa sifi toujou,fòw bat pouw kenbe koulè blan an
Yon lòt bagay ou gen pouw fè se evite lave rad polyester,koton ak klowòks paske lè rad sa yo jwen ak klowòks aksyon ki pwodwi a se jòn li retounen ankò,evite lave rad blan ki pran klowòks yo chak tan avèl poul ka rete janw te achtel la,tout bagay se yon abitid ou mete klowòks jodi,lòt semèn ou metel kòz ou itilizel twòp lap vin jòn.

 

toujou bat pou rad blan briye sou ou,sa ap fèt se siw swiv ti konsèy sa yo