Pi bon laj pou jwi sèks

Vi sèksyèl ou gen etap,genyen ki plis memorab ak enteresan pase lòt.Si w ap mande ki pi bon laj pou yon moun jwi sèks.Nou gen kèk kiryozite pou ou.

Nan ki laj ou ka jwi sèks la plis ?
Lèw jèn tout bagay paret nouvo atiran pou ou w,apre w vin komanse ap gen kèk ti pratik,ou pral ekperimante sou baz ou te aprann nan,lèw vin gran ou pap janm fin apran sou sèks sak pral fèw jwi l tout sou wout la.
Sèks nan laj 20 lane

Komansman vi sèksyèl la pa janm fasil,nan plizye ka toujou gen anpil dout,men pa gen anyen ki pi inosan nan premye rankont lan pi fò fwa yo konsantre sou bò ak karès,premye fwa yo plen erè tou,nan erè yo moun nan aprann,sak pi enpotan nan etap sa se enterè,dezi pou aprann.

unnamed (20)

Sèks nan laj 30 lane
Dapre yon etid ki fèt,36 lane se moman moun pi jwi sèks,siw poko gen laj sa oubyen ou pase l sa pa anyen kontinye li wap jwenn pa w la.

Sèks nan laj 40 lane
Medam yo plis renmen moman sa nan ilisyon,kote yo pa vle retounen sou sak te pase,se chache lòt ekperyans kote yo gen plis sekirite nan tèt yo ak plis libète,nan laj sa yon fi konn sa kle nan tèt li sal renmen sou kabann oubyen non,se zanmi kabann yap chache yo pa bezwen yon moun pou fonde yon fanmi.

Sèks nan laj 50 lane
Se pa menm bagay la yon fwa ou rantre nan menopoz,vi seksyel la vin yon jwèt ak mwens riks,mwens responsabilite ak plis tan,jwèt sou kabann vin prensipal nan vi moun sa yo se poutèt sa yap chache moun ki pi jèn ke yo.Nan laj ki pi avanse yo gen vi seksyèl tou se tankou lanmou pa gen laj pou bagay sa.