Egzèsis pandan gwosès

Siw ansent doktè pa voye w al kouche,ou santi w byen fòk ou fè ti egzèsis kap ede w pou w ka evite malèz nan moman gwosès la.Yon lòt faktè enpòtan se ranfòse misk yo kew pral bezwen pi devan nan akouchman epi amelyore rezistans misk yo.

Fè egzèsis pandan nèf mwa a ap ede w akouche pi fasil,anpil etid dekouvri ke espò paralèl ka diminye risk devlopman dyabèt jèstasyonèl pandan gwosès la.

Aktivite sa tèlman bon,yo rekòmande pou yon fi ansent fèl pandan 30 minit sil pa gen konplikasyon
Règleman ou dwe konnen:

• Mache: Kenbe w anfòm epi li pa afekte jenou yo.Se egzèsis ki pi fasil pandan nèf mwa gwosès la
• Naje: Travay misk yo epi li ofri avantaj kadyovaskilè.Minimize doulè nan do

 

Egzèsis enpak

• Danse: Li bon pou fè kadyo,sèlman evite sote
• Kouri: Li ekselan pou ajite kè a epi ogmante rezistans.Siw se yon debitan,ale dousman jiskaske w rive kouri pou 30 minit
• Pami lòt egzèsis fleksibilite ak fòs
• Yoga,detire,ou ka leve ti pwa,men ak anpil atansyon jis pouw ka tonifye ak ranfòse misk yo
Sonje pa gen eskiz,sa se yon stil vi,sim ansent ak tout sa map fè espò,ou pa gen ekiz sèlman adapte w epi jwi l