Sa pou w fè lè diven tonbe sou kapèt ou?

Ou pa bezwen pè si diven tonbe sou kapèt ou a?ou konnen Fanm Kreyòl la pou chache solisyon pou ou,nou jis bezwen w pozitif na tout sa wap fè epi pa neglije eseye tout ti resèt nou ba ou yo,konsa nap gen yon Haiti tou nèf epi natirèl san moun kap plede itilize pwodwi chimik ki ka detwi l ak sak bò kote l yo.

Ak konsèy sa ou pral aprann kijan pou retire tach diven sou kapèt
Si kapèt ou a se lenn,pase yon twal mouye sou li,pese l sou tach la,fèl absobe kantite w kapab la,fè sa plizyè fwa

 

Si tach la pa soti,itilize yon bon pwodwi yo lave kapet,apre swiv enstriksyon pwodwi a
Pou kapèt sentetik,ak yon sevyèt mouye,mete yon ti likid asyèt ladan,apre seche l byen dousman ak yon sèvyèt papye

 

Si tach la la toujou,melanje 1/2 tas dlo oksijene ak yon kiyè amonyak,pran yon sevyèt tranpe l ladan epi pase l sou tach la,fè sa plizyè fwa,kitel repoze pou 3 èdtan,kouvri l ak yon plastik.Mete yon bagay lou sou li pou pi bon rezilta

 

Apre sa mete yon ti vineg blan,seche l ak yon sèvyèt papye.Ou pap janm soufri lè w wè yon ti diven tonbe ate a