Enpòtans ki genyen nan souri chak jou

Pa gen dout nan sa,souri se yon ekspresyon ki cho epi pwofon nan relasyon entèpèsonèl!Souri pa sèlman bay yon bon fizik,men li revitalize lespri w epi rive kontamine moun ki bò kotew la,se yon bagay syantifik yo pwouve,souri ak bon imè ogmante antikò epi pwoteje nou kont maladi enfeksyon,ak timè.

Anpil moun ap poze tèt yo kezyon,eske yo bezwen fè kòlè,fache,fè rèl ak enpasyan epi fè rebèl kont yon enjistis yo fè yo,sak pa respekte pwomès yo.

Nan sitiyasyon ki pi ajite,anpil diskisyon,lè doulè fizik ak sikolojik parèt siw ka ri nan sitiyasyon sa yo,se fèl otomatikman.

 

Yon lòt bò,souri pa sèlman kontaje,li ede moun bò kotew la pase yon bon jounen.Sa a se yon efè miltip ki ka retounen nan nenpòt moman.

Souri ak kolèg ou,sanw pa bliye kontaje patwon w ak souri sa,se yon egzanp kap montre w souri pa sèlman bay sante,men li ka amelyore vi w tou.

Pa janm bouke ni bliye souri se yon terapi espirityèl ki lakòz gwo avantaj nan jounen w yo ak lòt timoun ki sou kotew
Souri,souri pa janm fin souri chak jou ou leve,souri ak viw,ak tout sak ki antourew.Konvèti souriw kòm kat de presantasyon w.