Kisa renmen depi premye jou a ye an reyalite?

Ou santiw gen yon estrès ki vlope tout kò w,ou paka kontwolel,ou pa menm konn poukisa ou kòmanse ap swe,ou santi papiyon ap vole tout bò lestomak ou.Ou fè yon ekperyans lanmou pou premye fwa deja?
Anpil moun relel flèch,yo pa fin tèlman ka defini l egzak.Lanmou pou premye fwa parèt san avèti,ou pa janm wè moun sa ki pwovoke tout sansasyon sa nan ou,anplis li fèw santi yon bagay pwofon.Egziste lanmou depi premye jou oubyen se yon ilisyon?.

Flèch romantik
Ou paka konsidere yon lanmou pou premye fwa tankou yon lanmou Platonik,sa se yon bagay ki pase yon sèl kou nan mitan yon foul moun nan nenpòt moman flèch la ka file sou nenpòt moun ki andan,san w pa konn poukisa ou pwoche bò moun nan ki vin fèw santi yon ekip sansasyon lèw gade l.Li plis sanble yon babay espirityèl kote sèlman santiman ak emosyon nou kap pale,nan moman gen moun ki aji san kontwòl.ki pa gen siyifikasyon,gen moun ki kwè se yon atraksyon fizik sèlman.Nou pa dwe konfonn lanmou pou premye fwa ak yon lanmou ki gen matirite.Lòt lanmou sa pa sèlman konekte ak kò fisik,men emosyonèl tou.

Kisa sam santi anfas yon lanmou pou premye fwa?
Ke sote epi swe
Lè w anfans yon flèch romantik,tanperati kò a kòmanse ap ogmante,anpil estrès chak tan wap pi pwòch moun sa,ou pap kwè wap kap jere sitiyasyon sa,siw se yon moun ki kle figiw gendwa tounen tomat.Ou pap kap aji natirèl,ni pale nòmal,vwa w ap chanje epi wap kòmanse di bagay ki pa gen sans.

Wap panse ak tout bagay
Lèw fin gen tout sansasyon sa yo,kounyea ou pral kòmanse panse ki non moun sa,sil gen mennaj,sil tap gadew tou,sil santi menm bagay ak ou nan ka ou pa ta rive pale ak li,wap rive lakay ou wap panse eske mpa ta wè l yon lòt fwa epi wap prepare saw pral di pou si sa ta rive.

Ou paka fin panse ak moun sa
Ou pase jou,mwa ap panse eske wap wèl yon lòt fwa ankò,ou gendwa ak zanmiw wap ri san rete poutan se ak moman sa wap panse,lèw vin rann kont wap santiw ras.Finalman wap vin rann konn seyon obsesyon,kote wap panse ak yon moun,ou menm konnen.

Ou pa janm konnen siw ta rankontre l ankò tout bagay yo retounen menm jan,konsa ou ta resi rive pale ak li.
Lanmou pou premye fwa se yon moman nou resevwa yon piki adrenalin ki disparèt sans nou.
Si w ta jwenn yon okasyon pouw konekte nan nivo emosyonèl ak moun sa,konsa yon bagay ka pase
Ou viv ekperyans sa deja?