Tradisyon maryaj nan kèk peyi

Men kijan moun ki nan chak peyi fete moman inik sa.

Lachin:Nan pwovens Tujia fi ki pral marye a dwe pase 1 èdtan ap kriye yon mwa avan maryaj la,apre 10 jou manman ak grann nan vin edel kriye,nan yon lòt pwovens ki se Yugur moun ki pral marye a tire twa flèch san pwent nan kè fiti madanm li,apre yo krazel ansanm pou yo ka asire lanmou etènèl yo.
Lafrans:Objetiv la se bay moun yo fòs nan premye nwit maryaj la,poutèt sa moun yo dwe bwè rès bwazon ki rete a nan yon vas,menm si nan tan sa yo ranplase bwazon yo pa chanpay,ak chokola,anplis yo antere gason an nan yon jan senbolik poul ka bliye vi lib li yo.

 

Peyi Lend:Yo rekonèt fi yo tankou Magliks,sa vle di yon malediksyon ki ka fè kòz maril mouri bonè,pou sa pa pase,anvan sa yo dwe marye ak yon pye bwa,apre yo koupel malediksyon an fini la.

 

Kore:Medam yo preferel byen fò ak anpil karaktè,pou sa ka fèt,yo bat mari a nan pye ak yon baton oubyen yon pwason anvan premye nwit maryaj la.

 

 

Iland:Yo kwè si pye fi a pa atè,pandan lap danse ak maril move lespri ap fèl disparèt,fi a pa dwe leve pyel lè lap danse

 

Maròk:Tradisyon maryaj la se 7 jou,apre yo fè fèt pou moun yo apa,nan premye 3 jou yo prepare ti detay kite rete pou fi a,katriyèm jou a yo selebre ansanm,2 jou apre yo fè seremoni an epi dènye jou a yo konsome maryaj la.

 

Peyi Lejip:Medam yo anbarase ak envite yo,paske se yo ki pote bòn chans pou yo
Almay:Yo kraze asyèt devan kay moun ki marye yo,pou yo ka chase move lepri,lè yo fin fè sa moun marye yo dwe netwaye atè a ansanm pou yo ka konnen maryaj pa fasil men ansanm nou kapab.
Nou ta renmen ou pataje avè nou,saw te fè nan maryaj ou kòm tradisyon.