Manje ki ede batay kont estrès

Estrès se reyaksyon ki pwodwi nan kò a, nan pèsepsyon yon menas ekstèn oswa entèn,li prepare kò a pou fè fas ak danje,mekanis fizyolojik la ogmante metabolis ak konsomasyon enèji,aktive alèt tankou laperèz, enkyetid, kòlè oswa agresyon.Si kò a rete pou anpil tan ak aktivasyon sa,plizyè sentòm fizyolojik,sikolojik ak konpòtman ka kòmanse manifeste:

Palpitasyon
Feblès
Vètij
Lensomni
Maltèt
Enkyetid
Maladi nan lestomak
Difikilte pou konsantre
Redwi estres ak manje ki ansante tankou:
Te vèt
Omega 3
Ji natirèl grenad
Rezen

Manje ki ka ede monte kapasite mantal.Pandan ane yo ap pase, kantite newòn nan sèvo a diminye.Sibtans ki ka toksike newòn yo ogmante tou,se konsa tou estrès kwonik lan ka blese newòn yo
te vèt

Zonyon
Pòm
Franbwaz
Fwi sèk
Bètrav, kawòt, radi
Lwil oliv
Kakawo
Rezen
Kiwi
Asid folik (nou jwenn yo nan epina ak ji zoranj)
Vitamin E (nou jwenn yo nan nwa,zanman ak chokola)

Rekòmandasyon jeneral pou konbat estrès ak ogmante kapasite mantal nou se:
Dòmi byen:yo rekòmande pou moun dòmi 8 èdtan,dòmi mal pwovoke obezite,tansyon,risk pou acv,dyabèt,depresyon,estrès ka afekte memwa

Fè egzèsis:aktivite fizik,estimile nerojenèz,ki fòme nouvo newòn ki vyeji.Anplis li ede kò ak tèt la detann.
Cheke sa wap manje yo:Chwazi manje sak bon pou kò a