5 pa pouw respire verite

Se poutèt sa nap pataje ak ou 5 Etap ki genyen pou amelyore respirasyon w:

1.Pran souf epi obsève
Pran tout tanw menm si se pouw mache,manje oubyen lè wap benyen elatriye,nan nenpòt sa wap fè,pa twò prese jis pran tanw epi obsève kijan wap pran souf.

 

2.Santi respirasyon,epi aseptel sanw pa jije
Gen dwa respirasyon ajite,souf ou kout oubyen wo,si se konsa ou pa bezwen fwistre,toujou mèt nan tèt ou,pa gen anyen ki enposib,ou ka chanjel nenpòt lèw deside fè sa.

 

3.Souri
Lèw ri kòw resevwa yon enfòmasyon ki di tout bagay byen ou pa gen pouw enkyetew,lèw trankil,sistèm nève a edew jwi moman.

 

 

4.Enspire epi respire
Respire pwofondman jiska 4 oubyen 6 segond,ide a se pote lè a jis nan vant lan,fè sa sanw pa leve zepòl ou,ou ka leve men dwat la nan pwatrin nan epi men gòch la nan vant lan pouw ka santi kijan vant lan ap anfle.

 

5.Repete pa sa yo jiskaskew pa kapab ankò
ti pa ti pa wap pi konsyan de respirasyon ou epi wap santiw kalme nan nenpòt moman nan jounen an,ou ka fè pratik sa nan nenpòt lè espesyalman lèw strese.