10 règ pou bon lasante nan fanm

Nap ba w 10 konsèy senp pou kenbe kondisyon sante nan chak etap egzistans ou

1.Kontwòl adiksyon:Sigarèt,alkòl ak sibstans himik ka pote pa sèlman maladi tankou kansè.Siw adikte ou ka chache moun pou ede w paske wap maltrete ko w ak lespri w.

2.Vizite jinekolog:Yon fi ki gen vi sèksyèl aktif dwe ale yon fwa chak ane kay dokte,konsa lap kap kontwole ko a ak tout maladi ki ta vle paret nan laj byen bone.

3.Pran swen kè w:Chak ane kantite fi ki malad nan ke ogmante ,siw gen doulè bo ke nan bo goch,oubyen paran w te soufri sa,elatriye pa neglije cheke yon kadyològ.

4.Siveye maladi gaz:Vant femal,gaz,elatriye se maladi ki komen nan fi,koz ak pwoblem defisi nan manje oubyen eredite,siw toujou gen timoun pwoblèm sa yo,pran swen tèt ou,siveye manje wap manje ak swiv medikaman doktè.

5.Kontwole pwa ou:Siw gen kontwole ko w,ou evite maladi tankou obès,tansyon ak lot bagay anko.Kenbe yon pwa nomal se pou fè moun we,men pou sante w.

 

 

6.Pran swen po yo:Yo po bèl,swa,lis,briye ou pap sèlman parèt bèl si non wap maladi ap rete lwen w,pa domi ak makiyaj,sèvi ak pwodwi natirèl oubyen pwodwi doktè baw.

7.Dolote pye w:Anpil fwa nou pa pran swen pye yo,men yo fè pati ko a,pye yo ka malad tou,mete soulye ki nomal,netwaye fant zotèy chak jou,koupe zong yo,siw yon espesyalis si pye w toujou ap anfle.

8.Pran swen sante bouch ou:Yon bèl souri ak yon bon sante bouch se rezilta pou kenbe ijyèn,toujou kenbe dan w pwop

9.Rete lwen estrès:Anpil nan maladi lom genyen se orijin estrès ,fè epi chache tout solisyon ak trankilitepouw ka kontwole vi e

10.Enkyete w pou santew:Pa gen moun ki konn kow pase w sitou siw santiw mal tankou vomisman ,dyare,maltèt,fatig,tèt vire ak lot sentom ki kap siy lot maladi w genyen.
Pran swen w,pa bliye sante w se bagay ki pi enpotan pou w kenbe.