Timoun ak manje

Bon nouvèl la se ke ou pa bezwen gradye nan nitrisyon pou w kenbe timoun nan an sante. Ou kapab kreye yon anviwònman lakay ou ki pou manje nourisan. Se nou ki achte manje pou kay la.

 

Si manje pitit ou pi renmen an se pa anyen nourisan ou pa dwe kitel manje l fasil. Toujou bal eseye nouvo manje menm si premye fwa li pap renmen.

 

Dlo ak lèt se pi bon bwason pou timoun yo

 

Mete sirèt ak gato nan plas yo pou timoun nan pa ka rive pran yo. Li se yon bagay nòmal pou timoun yo bay bagay dous plis enpòtans ke manje sèl men ou pa dwe ba kite yo manje twòp bagay dous.

 

Timoun yo se nou yap swiv nou dwe ba yo bon egzanp depi piti. Aprann yo manje pou lasante. Pi bon fason pou w anseye yo se manje ak yo epi manje byen manje bagay nourisan manje sou tab ak yo pa mete timoun yo manje atè.