Saw ka di yon moun kap pase yon moman depresyon?

Men 10 konsèy pouw ka gen lide sou jan pouw pale ak moun ki nan yon moman depresyon
Ou ka toujou konte sou mwen:sa vle di ou pa pou kont ou,map toujou la pou ou
Vi w enpòtan pou mwen:mwen vle w konnen ou enpòtan pou mwen anpil

Kite m edew:ou vlem anbraze w,mta renmen abraze w
Mwen wè w gen depresyon:sa kap pase w la se pa nenpòt bagay se yon depresyon,pa pale konsa,toujou ankouraje moun nan di sak byen
Map eseye konprann ou:mvle w konnen menm si mpa konn tout sa kap pase w,ou nan kè m epi mwen vle akonpanye w nan tout bagay
Gen esperans:mpa la poum wèw ap soufri,jis mwen vle ede w nan sa wap andire a

 

Wap simonte pwoblèm sa:map toujou la pou ou,menm lè pwoblèm sa yo fin pase
Mpap janm sispann baw api m:pran sanw mpap abandone w,ni kitew nan wout
Mwen apresyew anpil:di yon moun ou renmen l se yon gwo bagay,fèl santil enpòtan
Nap sòti nan pwoblèm sa ansanm:m konnen nan moman sa ou gen anpil pwoblèm,mkonnen jan li di,pa janm bliye mpap baw vag,map eseye pwoteje tèt mwen pouw pa panse wap fèm mal.

Chak moun gen moman tristès ak jwa,li enpòtan lè yon pwòch ap soufri oubyen gen yon depresyon poun pa lage l pou kòl,konsa lap fè mye pi rapid.