9 bagay yon koup ta dwe diskite anvan maryaj

Menm si pap gen anpil tan pouw fè ti pale,bat pouw toujou fè efò a pouw anyen pa fèt ak tèt cho pou lespri nou ka lib ak kèk bagay.
Sa nap bezwen konnen?
Yon konsèy piga w janm panse w konnen repons oswa imajine sa patnè w panse

1. Finans
Yon bon teknik pou kòmanse ak tèm sa se:Chita ansanm epi ekri yon bidjè pou premye mwa maryaj la.Si tou de moun yo ap travay,konbyen lajan kap disponib ak jan nap distribye?,toujou planifye konbyen lajan nap sere.

2. Balans ki genyen ant lavi pèsonèl ak lavi travay
Kisa ki pi enpòtan?
Li bon pouw toujou balanse travay ansanm ak kay la epi bay pouw bay tan pou chak,siw travay 9 jiska 5,nou ka rankontre pou nou manje ansanm,li enpòtan pou nou pase ti tan ansanm,tan se tankou yon zanmi nan yon relasyon,tout sa se poun pale epi gade sa chak moun gen nan tèt yo.

3. Fiti
Menm si sa parèt yon jan dwòl,men fòw gade Ki kote wè w nan yon ane?,Konbyen timoun ou vle genyen?,eske m vle gen timoun?,ki anbisyon w genyen?,sa nap fè si youn nan ou jwenn yon travay lwen,nap gen poun chanje kay?sa kap pase si youn nan nou deside pa travay ankò?

4. Sèks
Tem sa enpòtan anpil,menm siw te gen yon moun kap baw ti konsèy sou sa,men lèw marye bagay la chanje,nan maryaj vin gen plis responsabilite gen plis presyon epi pa gen anpil tan pou relasyon entim,se poutèt sa li esansyèl poun pale sou imajinasyon,dezi,istwa nou,san vle eseye ak sa nou pa vle eseye.

arton155
5. Terapi
Nan relasyon gen bon jou ak move jou,le move jou a rive fòk nou diskite ak anpil respe,pa bliye nou marye pou yon rezon sin paka regle kèk bagay,chache pwofesyonèl pou ede nou.Sa ki enpòtan se pa kite kòlè oswa dezakò pran pye sou nou,se timoun yo kap pi afekte.

6. Sante
Nou dwe konnen sa youn ap fè ki pap bon pou lasantel epi rive edel chanje abitid sa,gwosi se yon bagay ki fèt vit,fòk gen respè pou gwose moun nan,men a anpil sajès ekplikel sil twò gwo li ka rive malad,fè yon plan pou edel,li gendwa al fè espò ansanm oubyen kouri chak maten.

7. travay nan kay la
Menm si bagay sa paret senp,men si li ki konn kreye anpil pwoblem pafwa sitou nan premye lane maryaj la,nou dwe reyini ak anpil sajes epi planifye yon le pou chak moun fè travay yo,pale sou aktivite nan kay la epi youn dwe kouvri,toleran epi eseye sipòte youn ak lòt.

150206_cooking

8. Fanmi
Kijanw panse voyaje ak fanmi w?,Kijan relasyon fanmiw ak patnè w pral ye?,ou ta dwe santi w alèz sou tèm sa a,poutet sa dwe gen règ pou swiv tankou:tan vizit,lòt kalite kominikasyon.Anpil fwa patnè ou panse yon sèl bagay sou fanmi w ke yo vle kraze relasyon an,poutet sa dwe toujou gen respè ak onetete.

9. Lavi sosyal
Ki pwiyorite w?amitye apre maryaj ka yon pwoblèm paske pap gen menm tan disponib pouw pase ak zanmiw,fòk nou apiye youn sou lòt pou sa pa pwodwi,se pa tout zanmi moun nan wap renmen menm jan tou li pap renmen tout zanmiw,pale sou kijan poun kiltive relsyon an pou anyen pa vin yon pwoblèm,dwe gen tan pou chak bagay sòti ak fanmi,zanmi,plezi elatriye.