Kisa ki jalouzi fou a?

Ki poum ki pa janm fè jalouzi nan vil?ou ka pa sonje l,men tout moun gen chans pou yo fè yon sèn jalouzi li te mèt pou paran,fre ak sè,zanmi elatriye jiskaske w rive gran ou vin ap fè jalouzi pou menaj,madanm,pitit.Sa natirèl,men jalouzi ka fè yon moun malad jan nou diw la.

Kisa sa vle di ke yon moun soufri jalouzi?
Tout tan an li soufri santiman kòlè oswa laperèz,presans yon twazyèm moun se yon panik pou li,sa nòmal paske sa vin pwouve li sansib pou moun li ak li a,men gen moun ki pa vle patnè yo gen yon relasyon pwofon ak lòt moun ke ak yo sèlman la jalouzi a pran yon lòt pye moun nan vin pa kwè nan tèt li ankò,moun sa ap panse sil pèdi patnè l sa ap terib se poutèt sa yo vin sòti ap kontwole moun nan anpil ki vin fè lòt la pa byen.

Kijan pou detekte yon moun ki jalou fou?
Li pa vle wè tout moun ki antoure patnè l tankou:zanmi, kòlèg, manm fanmi,espesyalman sèks opoze a.
Li toujou ap revize bagay pesonèl moun nan egzanp,selilè,bous,valiz,santi rad moun nan chache sant lòt pafen
Li pa kwè nan tèt li sa vin pwodwi ensekirite,manke konfyans nan tèt li
li gen yon karaktè dominan,li vle kontwole tout sak antoure l,lè l pa wè patnè l li soufri paske l paka domine l nan moman an,sil rele lòt la li pa jwenn li premye sak monte nan tèt li se yon sitiyasyon enfidelite.

Jalouzi l yo pa janm ka jistifye anpil nan yo se envantasyon.