Eskel bon pouw manje ze chak jou?

Ze se yon bon konpayon fidèl ak pen nan manje maten,li gen anpil pwoteyin A,D,B12 sa vin fèl yon manje ki rich nan eleman nitritif,li gen grès tou se pou sa li ka ògmante kolestewòl nan san ki ka pwodwi maladi kè

Ou ka manje ze chak jou?
San pè
Mayorite moun ki gen bon lasante ka manje jiska 7 ze nan semèn nan,san ke li pa ògmante risk maladi kè a,anpil etid montre ke manje yon ze chak jou ka evite anpil chòk nan kò a.
Pandan wap evite manje ze fri nan maten pou grès epi ou gen grès ki akimile nan vant ou,nan peyi Angletè yo rekòmande moun yo pou yo manje mwens sosis,janbon,bè ak lwil paske yo fè plis efè sou kolestewòl nan san an kè ze

spinach-1665396_960_720

 

Pou moun ki gen kolestewòl wo nan sanl,li dwe manje 2 jiska 3 ze nan semèn nan
Ki pi bon jan ou ka manjel?
Ze bouyi:se youn nan pi bon fason yo rekòmande moun manjel,paske jòn ze a konsève tout eleman nitritiv yo
Ze fwi:Pa fè sa ak anpil lwil,poul pa afekte santew twòp,paske lèl fri a li gen plis eleman nitritif toujou,ou gendwa chwazi fèl ak lwil oliv oubyen vejetal.

 

Blan ze a nouri menm jan ak jòn nan epi jòn nan gen pifò eleman nitritif yo,men 2 blan ze gen menm pwoteyin ak yon gren ze,siw bezwen limite kolestewòl ou,li tap pi bon siw prepare omlèt ak blan ze a men nan blan ze a tou gen yon pwoteyin ki ka kòz yon alèji alimantè,poutèt sa yo rekòmande pou moun pa manjel twòp.

Ekspè yo di konsa menm si pwoteyin ze a gen anpil valè men fòn manje jan nou dwe manjel pa manjel ak eksè