Ji pou gwosi

Gen ji pou kas,konsa tou genyen pou gwosi,sa pral depan chak sa yon moun ap chache,menm si w pa kwè gen moun ki gen pwoblèm pou gwosi,li gendwa pa gen apeti, konstitisyon jenetik li,konsa tou pwoblèm sante,dezekilib òmòn.
Gen kèk melanj ji natirèl ki ka ede w gwosi san w pa bwè konprime

Kèk engredyan ou ka melanje
Nwa
Zaboka
Lwil kokoye
Fri dezidrate
Avwan
Pwoteyin poud
Lèt
Yogout
Resèt pou prepare yon bon ji
manba ak poud chokola
1 tas lèt
Yon bo zaboka
3 gwo kiyè manba (si l òganik se sa nèt)
Yon kiyè poud chokola
Yon kiyè pwoteyin chokola
¼ ti kiyè kannèl
1 gwo kiyè siwo myèl
Glas,epi blende yo
Konpozisyon nitrisyonèl li se:
Kalori: 798
Grès: 51 g
Pwoteyin: 44 g
Fib: 12 g
Sik: 30 g
Vitamin A: 6% si yon moun bwè l chak jou
Vitamin C: 17%
Fè: 37%

smoothie-882754_960_720

Ji pwoteyin natirèl
Yon bo zaboka
½ tas yogout
1 kiyè jelatin
1 ti kiyè lwil kokoye
¼ ti kiyè kannèl
Siwo myèl
Glas epi blende l
Konpozisyon nitrisyonèl li se:
Kalori: 631
Grès: 43 g
Pwoteyin: 29 g
Kabòn: 35
Fib: 11 g
Sik 19 g
Vitamin A: 99%
Vitamin C: 42%
Kalsyòm: 53%
Fè: 17%

2 resèt sa yo,se sèlman yon egzanp,ak enfòmasyon nou ba yo,nou espere w fè pwòp ji w renmen,kounyea ou rete pou jwi.

chocolate-smoothie-1058191_960_720