Sa w dwe konsidere pou dekorasyon yon balkon

Lè tan frèt li yon jan difisil pou w jwi espas sa,men lè epòk chalè se yon lòt istwa.si balkon an piti kounye a nap tounen Jeni poun ka ranje janl dwe ye epi pwofite ti espas sa.

Menm jan nap panse ranje andan kay la,se konsa poun panse ak balkon an tou si non lap vin sanble yon bagay san stil,kote nap mete tout bagay nou pa gen plas pou yo.Pou evite dezòd sa pase menm si li yon jan difisil poun fè tèt nou travay lèn rive nan pati sa,nou rete kwè si n chita byen pouw panse ak sak ka ale sou balkon an lap vin pi bèl kotew renmen nan kay la.

1.Ekleraj
Ekleraj la ka fè balkon ou an tounen yon koteyon rakonte istwa,kote ki byen òganize pou jwèt lannwit tankou gade fim ak zanmi lè vakans elatriye.

 

2.Mete balansin sou balkon pou siw bezwen li,sa enpòtan poul byen mare epi pa metel twò lwen ate a,li pa oblije se pa lè desanm sèlman pouw dekore.

3.Plant yo
Ou ka dekore balkon an ak flè tou,pa gen anyen ki pi enpotan pouw dekorel ak bèl flè ki santi bon,plizyè koulè pou bay kay la enèji,ou ka kwoke flè yo,mete yo nan po atè,yon ti balkon ideyal pou fè yon ti jaden flè pou siw pa gen lakou.