Kisa lanmou ye?

Lanmou fè referans ak atraksyon emosyonèl epi seksyèl pou yon moun gen anvi viv ak yon lòt,lanmou se yon dedikasyon menm.

Lanmou gen plizyè sans,chak moun konprann li epi partikel yon jan,lanmou se sèl bagay ki bay sans byen ak mal,Lanmou se fòs ki pousen fè yon bagay ki byen,li pwovoke lapè,trankilite,kè kontan ak byennèt nan moun

 

Lanmou eksprime atravè aksyon,mesaj damou,deklarasyon,powèm.Men yo represante lanmou pa yon kè
Jodia nou vle pataje ak ou 6 kalite lanmou

Lanmou Sipòtè:Se lanmou ant Pitit ak paran,nan relasyon sa nou obsève yon siperyorite kote timoun nan ap gen poul obeyi ak paranl.

 

 

Lanmou Fratènèl:Se yon lanmou frè ak sè ki pa gen menm san ki mete nan nou yon egalite ki aprann nou viv ansanm ak lespri konstriktif pou nou avanse ansanm.

 

Lanmou klandesten oubyen lanmou entèdi:Se kote de moun renmen men yo pap janm ka viv ansanm pou yon rezon oubyen pou yon lòt men yo konn fè ti wè an kachèt.

 

Lanmou Enkondisyonèl:Se yon lanmou yon moun bay ak tout limenm san pa gen okenn anpechman,yon egzanp byen klè se lanmou Bondye ki ini espirityèlman kresyen pou pratike lafwa yo,epi lanmou Bondye se lanmou yon papa pou yon pitit,pa gen pase lanmou sa yo,li enposib pou yo dekril.

 

Lanmou a distans:Se yon lanmou kote de moun ki renmen men yo ap viv lwen,ak tout sa relasyon yo toujou solid youn pa rive twonpe lòt jiskaske yo rankontre.

 

 

Lanmou Fantezi:Yo plis konsidere lanmou sa tankou yon lanmou ki enposib oubyen,se yon lanmou ki parèt pafè ki pa egziste nan mond lan,se jis yon pasyon ki pap dire pou lontan.