9 Abitid senp pou reveye ak yon vant plat

Siw vle yon vant plat gen bagay ki enpòtan pouw respekte epi trik ak yo,se piti ki mennen gwo,pratike ti konsèy sa yo konsa wap jwenn bon rezilta.Nou envite w pouw eseye.

Pou gen yon vant plat evite bwè yogout
Yogout gen anpil pwopriyete,si wap chache yon vat plat fòk ou evite bwè l aswè,anpil nan pwodwi sa yo gen anpil sik,anplis laktòz ki se yon sik natirèl anpil fwa li difisil pou dijere,yon melanj laktoz ak sik ka pwodwi enflamasyon nan vant.Siw santi se yon yogout pouw bwè pou dine kap plen vant ou,achte youn ki gen 8 gram sik.

Fe 8 minit egzesis anvanw dòmi
Siw eseye fè 8 minit egzèsis anvanw dòmi,ou menm ankò lèw leve ap fè diferans lan,konsa siw chwazi pratike espò chak jou wap gen plis rezilta toujou,kanpe ouvè de pye w laje pwatwin ou,jenou yo yon ti kal nan yon mo pozisyon grapo,bese,leve,fè sa plizye fwa jiskaske 8 minit lan rive,ou repoze pandan20,30 segond.

ABS-H.I.I.T.-Workout-750x500

Benyen ak dlo frèt
Yon beny ak dlo frèt anvan wal dòmi pa sèlman ap ba ou yon bon sikilasyon san,men vant ou ap vin pi plat tou,gras ak dlo frèt sa tanperati kòw ap desann,konsa wap rive boule kalori.

Byen manje nan maten
Komanse jounen an byen,evite manje manje lou nan maten,yon bon opsyon nan maten se manje avwan,fwi wouj,chokola,pen entegral,konsa wap aktive entesten w,lap mwen anfle,wap santiw pi lejè.

Evite manje nan lari
Se yon danje manje nan lari paske nou pa konn ki kantite ak magi yo genyen,pou yon moun ki renmen kò l,li enpotan poul evite nan lari,konsa la kontwole sèl ak mangi lap manje,sil te ka pa pran sèl li tap pi bon toujou.

Pa manje chiklèt san sik
Menm siw ka wèl parèt dwol,men se verite.Anpil etid montre ke li gen yon sik alkolik ladan,ki fè dijesyon an vin pi lan,li lakòz plis bakteri vin fòme sa vin pwovoke dyare,enflamasyon.

Ji melanje
Pa bwè l nan lari,siw fèl lakay ou wi,men pa fè melanj ou konnen kap fèw gwo,sak nan lari yo gen chans gen pwodwi chimik ki pa bon pou òganis ou,li tap pi bon siw chwazi fè melanj sa yo:

Epina
Pistach ak fig ze,li bay fòs
Avwan ak kawòt
Lèt zanman
Lwil kokoye
Fwi(pom,seriz,melon,papay)

 

 

almond milk in the jar