Fanm ak soulye talon, fanm enteresant

Gen fi ki paka viv san ti talon yo,depi yo pa metel yo santi yo manke yon bagay

Soulye talon se yon mèvèy
Pou nou menm soulye wo se yon plezi poun achte,admire,genyen yo,epi jwi len mete yo,lè gen espesyal menm se tout magasen an nou vle leve ale,tèlman nou vle achte tout soulye takon yo,epi yo fè moun byen tou,pa mande yon fi ki konn mache sou talon.

Pi bèl ak talon
Yo pa fèt pou lòt bagay talon se jis siw bezwen parèt pi wo,elegan,li fè moun parèt ak yon bote natirèl,li bay pye nou fòm epi fen kanpe sou pik nou,li drese do nou epi leve pwatwin nou,kisa nou ka mande ankò.

 

Talon fè n santi nou se fanm
Lè yon fi mèt yon soulye talon se kòmsi li santi gen yon mirak ki fèt nan vi l,li santi l domine,atraktif,sexy,li difisil pou yon moun pa renmen talon menm sil paka mache sou li.
Talon ka fè mal se vre,men lap toujou rete pi bon zanmi fi,lajan gendwa paka achte jwa,men yon bèl soulye talon wi ka rann yon moun byen apre fin gade nan yon vit san l pa menm achte l.toutan talon an wo,se pi pre syèl la moun nan ap ye.