Rejim mirak yo ka fè nou vin gwo,nou pral rakonte w poukisa

Restriksyon grav ak kav metabolik
Rejim mirak yo pa pwodwi pèdi pwa majik.Anjeneral yo fèt ak yon gran restriksyon kalori ki ka domaje metabolis la,sa kite yon move souvni,efè negatif pou tout tan.Se konsa gaspiye enèji a ka bay yon vye efè ak yon gwo risk ki ka chanje metabolis la.

Estrès fè moun gwosi
Rejim mirak yo pa sèlman pa gen anpil kalori,si gen yon fèt ak zanmi fanmi,ou wèw pap ka manje sak sou tab la,menm kote a estrès ka pran w,enkyetid,lòt imè ki domaj atitid nou yo.Siw pa al nan fèt chak jou ou ka goute sa pap gentan fèw gwosi,se kantite wap pran ki pral pwoblèm nan kounyea.

2010-10-15-02-26-40_848vegetables

Pèt nan mas misk ak mwens gaspiyaj kalori
Lè yon moun pèdi pwa pi rapid ,sa vle di lap swiv yon bon rejim,pi gwo chans lan se pèdi pwa nan misk yo,rejim mirak la fè moun pèdi pwa brisk,sa vin ran gen mwens kalori ki boule,sa ka vin fè n gwosi pi vit toujou.
Se pa pèdi 2 liv nan yon semèn ki enpòtan,se kisa w anplwaye pou pèdi l,fè atansyon retire kalori yo ak

moderasyon,pa kite pwoteyin yo dèyè.
Anplis pratik egzèsis fizik yo,ankouraje efò miskilè yo se kle pou evite misk yo pèdi pwa,menm tonifye yo.Rejim mirak la pou anpil rezon fè yon moun gwosi,menm si lap bay rezilta ou tap chache a pou yon titan,lap difisil pou yon bon rezilta ak yon pwa nòmal

Siw bezwen pèdi pwa yon sèl fwa,rejim mirak pa solisyon an,li ka bare objetif sa.Solisyon an se pa yon mirak nan 2 semèn ni yon estrateji tanporè,men yon chanjman abitid pou lavi pou pote bon rezilta.

soup-greens-869075_960_720