5 trik pou fè pou evite sou

Plis alkòl yon moun bwè nan yon titan plis lap konsantre nan san an,sevò a ap resevwa plis alkòl ap vin gen anpil chanjman,poutèt sa gen bagay ou bezwen konnen anvanw bwè sitou ou menm ki paka bwè yon vè.

Trik 1
Pa bwè ak lestomak vid,manje yon sandwich anvan w sòt lakay ou oubyen yon mozo chokola,sa ap ede w fè yon baryè pwoteksyon nan trip ou.

Trik 2
Kite anpil tan pase anvan w pran yon lòt vè.Òganizasyon Mondyal Lasante rekòmande pou chak èdtan yon bwason pou gason,pou fanm yon èdtan 1/2.

Trik 3
Bwè dlo anvan ak apre w fin konsome alkòl,ak sa aksyon desidratan alkòl la ap minimize

Trik 4
Souke kò w oubyen danse,pandan wap swe,wap elimine toksin epi aktivite fizik ede metabolize alkòl la.

Trik 5
Pa bwè plis ke 3 vè sa ka koze gwo danje nan òganis lan espesyalman nan fwa, fi entoksike pi rapid ke gason paske yo gen plis tisi gra,mwens misk, mwens dlo ak san nan kò a.

Pa bliye laviw depan sou jan w jere l