karakteristik moun ki pa mati

Nou chak se yon kristal kote nou gen plizyè fòm konsyans ki melanje,Nou inyoran ak saj,timoun ak granmoun,timoun ak konsyans.Tout an menm ta.Men se pa tout nan karakteristik sa yo ki parèt pwafwa,chak moun gen youn ki plis sòti.

Pa mati defini kòm yon kondisyon kote moun nan pa renonse ak anfans li,Dezi ak imajinasyon,poutan matirite emosyonèl ka defini kòm yon fòs ak tanperans ki mennen nan aksyon reyalis ak ekilibre.Mati ak pa mati montre l nan stil konpòtman chak moun.

Difikilte pou fè angajman.Yon siy moun yo toujou townpe lè yo pa gen matirite,se difikilte pou responsab yon bagay,li difisil pou yon timoun renonse ak sal renmen pou l ka jwenn yon bagay kap lontan,pwosesis matirite yap vin konprann sakrifis ak reprimand nesesè pou reyalize objetif,fè yon anganjman ak yon moun se pa yon limit pou libète,men yon kondisyon pou pwojekte sou yon bagay kap dire anpil tan.

 

 

Tandans pou bay moun tò
Timoun pa aji ak pwòp volonte yo,se paske yo nan pwosesis fòmasyon,edikasyon,ensèsyon nan kilti,pandan yo piti yo toujou panse erè a pa sòt nan yo se fòt entèl,yo pa bay yon bagay mal yo fè enpòtans,grandi se sòti nan jan de bagay sa yo,poun ka responsab zak nou yo san ke nou pa akize okenn moun.Aprann rekonèt erè epi aprann de yo,repare yon mal,mande padon.

Etabli depandans
Pou moun ki pa mati,se sou lòt moun yo viv,yo pa bezwen moun nan paske yo renmen l,men pou ekplwate l,yo jis bezwen konstwi yon pon kote ki gen anpil depandans,moun ki pa mati a pa konpran sak otonòm nan byen,lè pou yo fè yon bagay yo santi yo otonòm,men yo pa janm vle asime konsekans ak zak yo,se toujou yon lòt moun ki kòz.Moun sa yo rete lwen responsabilite

Irèsponsab nan jesyon lajan
Yon moun ki paka jere lajan,gen dèt moun nan ap fè ki depase ekonomi l,yo pa gen pwoblèm pou achte nenpòt sak vini an san yo pat gen pwojè pou li,tèlman gen dèt moun sa paka viv byen jis lap satisfè dezi l,se nòmal pou yon moun satisfè dezil,men nan bon jan,tout bagay sa yo se pa yon dezisyon ak konsyans,fason sa ka fè moun sa pa janm ka evolye,siw konsa oubyen ou konn yon moun konsa,nou pa diw pouw fè l siy,men pran konsyans pou mati,sak enpòtan siw chache viv yon lòt jan wap gen yon vi miyò,aprann grandi.