kijan pou agrandi soulye?

Pandan nap bat poun viv ak yon soulye ki tèlman ap fè nou mal men kiyès ki di pou yon moun gen stil fòl rete ap soufri ak yon bagay kap fèl mal.Swiv ti konsèy sa yo pouw ka di doulè orevwa.

 

Efè chalè:Mete chosèt nan pyew apre mete soulye ki serew nan pyew,epi pran sechwa w chofe pyew,kite soulye a nan pyew jiskaske li frèt.

 

Ti pa:Apre soulye a fin itilize anpil,nou konnen lap vin fè yon ti ouvè kote wap vin alèz avèl,plede mete solye sa nan moman ou santil serew la ak chosèt epi mache avèl pandan ou nan kay la,jiskaske ou vin santiw byen avèl.

860a2d7e8899c81609247211d7a8f4f0

 

1.Plen yon sachèt dlo epi metel nan frijidè poul ka fè glas
2.Mete sachè glas la andan soulye a,metel dòmi nan frizè
3.Lèl fin solid,glas la ap ouvè solye a
4.Kite soulye a nan frizè a jiskaske li ouvè
5.Lòt teknik ankò,vlope yon chosèt ak anpil paye jounal,metel nan soulye a pou plizyè jou