Kisa w manje anvan w fè egzèsis lè w fenk leve?

Rekòmandasyon jeneral la divize dapre chak disiplin espò (naje, monte bisiklèt, atletik, elatriye).Siw pral fè 1 èdtan nan egzèsis yon fri kont,men si egzèsis la ap plis ke sa ou dwe manje plis sa pral depan de tolerans ak entreman chak moun.

Manje maten anvan egzèsis:1 fri,pwoteyin,likid.

Kisa w manje siw planifye pou al fè egzèsis nan nenpòt moman nan jounen an?
Siw planifye pou al fè espò zòn midi ou ka manje yogout,1 fri,pen entegral ak ze jan nou diw la sa depan de chak moun ak egzèsis li pral fè a.

Kisaw manje apre egzèsis?
li enpòtan pou manje apre chak egzèsis sitou kabòn ak pwoteyin,ji ak lèt,yogout

unnamed (1)

Sa pou w manje pou pa gen kwanp ak kilè?
Entansite egzèsis la,konbyen tan li dire?jan tan ye,kalite aktivite fizik la,manje ka jwe yon wòl enpòtan sou kwanp.Manje kabòn ak likid,jan nou diw deja nitrisyon ka jwe yon wòl enpòtan nan pwoblèm kranp.Lè moun nan swe li pèdi anpil sodyòm se poutèt sa, bwè bwason ki gen sodyòm pou evite kwanp.

Rekòmandasyon sou konsomasyon likid,kabòn ak sodyòm
Yon moun dwe bwè likid 15,20 minit epi li dwe bwè pou pi piti 500 ml pou chak èdtan espò,pou sodyòm nan li menm se 300,400 mg chak èdtan sa se nan bwason ak pwodwi pou espò nap jwenn yo.