Bagay ki rive lè w kòmanse pran jenjanm chak jou

Nan plizye peyi yo itilize jenjanm pou fè remèd,mete nan manje,elatriye.Men kèk nan efè li genyen sou kò imen an:
Konbat selil kansè

Dapre rechèch doktè (University of Michigan Comprehensive Cancer Center) jwenn ke jenjanm ka elimine selil kansè nan ovè, vitès li genyen pou detwi selil kanse pi rapid pase kimyoterapi,yon plis rekomande moun ki gen kanse nan ovè sèvi ak jenjanm.

Redwi enflamasyon
Li bon pou moun ki gen maladi selil ki anfle tankou:sik,obezite ak maladi alzayme.Etid la te fèt ak yon moun ki gen doulè misk,kote li te jwenn soulajman ak doulè a.

Evite tèt vire nan maten
Fi ki ansent yo dwe konsilte dokte l anavn l bwè jenjanm.Anpil fi di jenjanm ede redwi noze ak vomisman

 

Diminye tous epi gòj fè mal
Depi lontan bagay sa te toujou bon pou tous ak doulè nan gòj.Bouji jenjanm ak dlo apre sa mete myèl ak sitwon,anplis li soulaje nen bouche.

Amelyore dijesyon ak Malèz
Jenjanm s eyon baay yo itilize pou klame trip,si yon moun pa santi l byen nan lestomak libouji jenjanm apre mete

yon ti myel ladan
Soulaje maltèt
Li soulaje migren,pou yon moun ki gen pwoblem sa,lap jis pran yon ti poud jenjanm ak yon ti kal dlo epi lap fe yon mask ak li poul mete l sou fwon l,konsa li ka bouyi l li bwe l ak fey mant.

Diminye mal dan
Remed sa ap itilize lontan sa,fwote yon ti bout jenjanm sou dan kap fe w mal la,oubyen bouyi l fe dlo bouch ak li